top of page

Debwazman nan peyi Dayiti a koz erozyon ak famin. Nou gen entansyon plante pye bwa original zòn nan ak  pye fwi tankou zaboka, mango, gwayav ak sitris yo tankou sitron, chadèk, zoranj, ak mandarin ets. Projè saa vize rediksyon erozyon ak alimantasyon tout moun ak fwi, espesyalman timoun yo.

Nan anfans mwen, moun yo te konn plante pye fwi arebò wout yo pou timoun lekòl. Apre lekòl, manje yon fwi te ba m plis eneji poum te monte mòn yo soti Chofa ale Bonga  lakay mwen. Aprè 1980, siklòn yo kraze bwa yo, touye anpil moun ak bèt. Akoz lamizè, moun yo kontinye koupe pye bwa yo pou fè chabon e peye lekòl pitit yo. Lòt sous eneji dwe yon altènativ.

M’ap reve pou m wè pye fwi tankou lè m te timoun e m ta kontan w`e anpil lè timoun ap keyi yo pou yo manje. Recho gaz ak fou gaz ap ka ede konbat debwazman. Rebwazman ka ede konbat rechofman latè a.

Nou gen entansyon itilize kèk metod pou reprodiksyon plant yo pou ede rebwazman (reforestasyon) an fèt pi vit e pou gen plis rekòt. Nou gen entansyon achte òmon, kouto, e envestí nan edikasyon pou nouvo teknik klonay saa.

Projè sa pral koute omwen 5.000 dola pa ane. Nan tan kap vini yo, nou gen entansyon elaji proje saa nan kominote ki ozalantou Bonga yo tankou Belo, Fesa, Prosi, Laval, Malanga, Beli. Nan non Bondye, avèk èd u, nou ka rive kouvri peyi a. Anyen pa enposib pou Bondye. Tanpri souple, parene projè sa yo e ede Ayiti diminye famin, soufrans, ak imilyasyon.

Se pou Bondye ban nou pouvwa pou nou fè byen nan peyi nou e beni nou an abondans.

bottom of page